28 oktòb Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl         

                    POU KI SA 28 OKTÒB ?

Pouki tout mobilizasyon sa yo nan okazyon 28 oktòb la ? Ki sans dat sa genyen pou avni lang kreyòl yo ?

Fòk nou konnen, lengwistik se yon syans ki vin gen yon gwo devlopman nan ventyèm syèk la nan plizyè peyi nan lemonn. Gen espesyalis sou kesyon kreyòl nan plizyè inivèsite nan peyi Ewòp ak nan peyi Amerik ki fè rechèch e ki pibliye divès liv sou kesyon an. Nan peyi pa nou, se depi 1936, Suzanne Comhaire Sylvain ak Jules Faine te pibliye de (2) liv enpòtan sou Kreyòl Ayisyen tout etidyan te dwe li. An 1976, pi gran save lengwis sou kesyon kreyòl la nan lemonn kòmanse òganize rankont regilye pou fè echanj ak diskisyon sou kesyon an. Lè sa, Pradel Pompilus te reprezante Ayiti, kòm manm fondatè Komite Etid Kreyòl la. Pi ta Pierre Vernet rejwenn yo, menm jan ak lòt jèn inivèsitè ki soti nan peyi kote yo pale kreyòl nan bann zile Karayib ak Oseyan Endyen.

Se konsa, yo menm, lengwis ak lòt inivèsitè natif natal zile sa yo, pran konsyans, zafè lang kreyòl se pa sèlman yon kesyon pou lengwis etidye, se yon kesyon ki pi laj, ki pi pwofonde e ki konsène idantite ak avni pèp yo. Se yon kesyon ki gen pou wè ak devlòpman popilasyon an ak lang li ki marinen ak kilti peyi a.

An 1981, nan yon rankont Sent Lisi, yo kòmanse wè nesesite pou yon asosyasyon Bann Zile sa yo. An 1982, nan yon gwo Woumble Kiltirèl Sechèl, yo kreye asosyasyon BANNZIL KREYÒL, e yo deside y ap selebre yon Jounen Mondyal Kreyòl chak ane. Te deja gen yon tradisyon nan Zile Donminik pou selebre lang kreyòl dènye vandredi nan mwa oktòb chak ane. An 1983, nan yon rankont Lwizyàn, responsab BANNZIL yo pran desizyon kenbe dat dènye vandredi mwa oktob ane 1983 a, 28 oktòb, pou jounen entènasyonal kreyòl la toupatou kote gen pèp ki pale kreyòl. Lè sa, mwen te prezan nan rankont Lwizyàn nan, Biwo BANNZIL la nonmen mwen korespondan Bannzil pou Amerik diNò. Se konsa, nou monte yon Komite Bannzil Kanada ki mobilize moun Ayiti, Giyàn, Gwadloup, Il Moris, pou selebre 28 oktòb. Ekriven powèt Claude Pierre ki te prezan avèk nou nan òganize evènman sa a, kapab bay temwayaj menm jan avèk mwen.

Felix Morisseau Leroy, youn nan pi gran ekriven kreyòl ki ekri kokenn Tèks pwezi tout Ayisyen te dwe konnen , tèks yo rele : MÈSI PAPA DESALIN lan, Félix Morisseau Leroy te prezan Monreyal premye fwa lè nou t ap selebre Jou Entènasyonal kreyòl ak plizyè moun peyi kote yo pale kreyòl, gen 30 an, 28 oktòb 1983.

Tande pawòl Morisseau Leroy nan rankont Monreyal la :

Se premye fwa tout peyi kote yo pale kreyòl met ansanm pou yo fè on kokenn bri pou tou sa k gen zòrèy tande.

Sa ki pi frape m, m te di l déjà, m ap di l ankò : gen trant an yon bagay konsa pa ta posib.

Gen trant an, si kèk moun fou tankou m ta leve pou sanble tout moun lang kreyòl enterese, swa paske se lang yo, swa paske s on pwoblèm ki merite nèg lespri chache konnen plis pase sa sou li,
sou moun ki pale l, gen trant an yo pa ta ka sanble senk nèg lespri pwoblèm lan interese. Nan dènye konferans Lalwizyàn, te gen san (100) moun ki ekri sou koze kreyòl la. Se la Komite Bann Zil Kreyòl la te pran desizyon pou chak lanne yo fete you jounen kreyòl.

Pou mwen k ap ekri liv an kreyòl depi trant an, s on michan viktwa, non sèlman pou lang nou an, men s on viktwa pou tout pèp ki pale kreyòl depi lanmè Karayib jouk nan Oseyan Endyen.

Te m pwofite pou m tire lareverans douvan Sechèl ki pwoklame kreyòl lang ofisyèl lakay.

Te m pwofite pou m voye yon gwo bonjou pou tout pèp Bannzil yo. Si nou pa pre, si enperyalis yo te seye kenbe nou younn lwen lòt pou younn pa konn sa lòt ap sibi, jodi a nou pare pou, nan lang nou, younn di lòt s on sèl batay , s on sèl soufrans, s on sèl viktwa tou. Nou pa p kite yo dekonekte n ankò.

Jounen Entènasyonal Kreyòl la se pi bèl jounen m pase nan vi m.

Yon lòt trant an pase… Eske nou vanse ? Sa te pran anpil tan, men jodi a nou ka di li : wi, nou vanse pi devan. Lespri 28 oktòb la toujou vivan. Apre Sechèl ki te rekonèt kreyòl lang ofisyèl depi endepandans peyi a an 1976, Ayiti rekonèt kreyòl lang ofisyèl an 1987. Il Moris kreye Akademi Kreyòl Morisyen an 2010. Nan peyi pa nou, demach ki te kòmanse fèt depi 2008 pou mete Akademi Lang Ayisyen an sou pye rive jwenn yon premye viktwa. Pwojè Lwa a pare apre 2 zan rankont ak diskisyon ant plizyè enstitisyon ak chèchè, save lengwis, pwomotè lang kreyòl, ki mete yo dakò sou yon pwopozisyon lwa n ap mande pou Ayiti adopte.

Se yon michan viktwa ! kon ta di Morisseau.

Premye powèm Morisseau nan liv pwezi DYAKOUT 1, yon powèm li te ekri lontan anvan BANNZIL, kòmanse konsa :

Christian Beaulieu O
M ap ekri yon liv kreyol
M ap ekri pou ou
Pou tout moun ou te renmen
M a voye l Lamatinik
M a voye l Lagwadloup
M a voye l Lagiyàn
M a voye l Lil Moris pou yo li l
M a voye l Lalwizyàn tou
M a li l nan radyo pou tout moun tande
M ap ekri yon liv nan lang pa m 
Mesye a yo mèt ri
M konn sa m ap fè
M gen 2 ou 3 bagay pou m di
M gen yon koze pou m koze
Ak moun pa m
M bezwen moun pa m konprann
Pawòl m gen pou m di la a
M bezwen nèg pa m tande
Yon koze k ap pale depi kèk jou
M gen yon istwa pa m pou m rakonte
Nan jan pa m…

Ane sa a n ap selebre Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, 28 oktòb 2012, avèk yon nouvèl tou nèf.

Ane sa a, nou pran yon mwa antye pou selebre dat 28 oktòb la, epi pou nou fè moun tout kote nan peyi a konnen nouvèl tou nèf la.

NOU PARE POU NOU METE AKADEMI LANG AYISYEN AN SOU PYE JAN KONSTITISYON 1987 LA MANDE LI

Adeline Magloire Chancy, 16 oktòb 2012

Pawòl pou kòmanse konferans sou lang kreyòl, Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen te òganize nan Fakilte Dwa Gonayiv.

Adeline Chancy ak Claude Pierre te anime konferans lan.

GROWERFIELDS FARM

18073 Coleman Valley Rd
Occidental, CA 95465

Open Daily 9:30AM - 5:00PM

ELI’S FARM STAND

2929 East Mission Road 
(make access off Capra Way) 
Fallbrook, CA 92028 

OpenDaily 9:30AM - 5:00PM

EL CAJON FARMERS’ MARKET

Prescott Promenade
201 East Main Street
El Cajon, California 92020

Thursdays 2:30PM - 6PM

FALLBROOK STAND

2929 East Mission Road
Fallbrook, CA 92028

Open Daily 9:30AM - 5:00PM

BORREGO SPRINGS

Christmas Circle Park
700 Palm Canyon Dr & Borrego Springs Rd. 
Borrego Springs, California 92004

Fridays 7AM - 12PM November - June