alyans kreyòl , fonde 2014

bullet imagebullet imageAlyans Kreyòl yon sit pou konekte tout kote ki pale lang sa

                                                                   FONDASYON

Alyans kreyòl se yon oganizasyon ki fonde nan dat 7 oktob 2014, li genyen pou sig li AK.

                                                                               OBJEKTIF 

       Se pwopaje lang sa e rive fè anpil moun pale li pou tout militan pou lang kreyòl lan kote yo ta va ye pou yon santi rezilta travay, vizyon Hamlet Alexandre lan.

 

MISYON 

 

Se pou nou konekte ak tout peyi ki pale kreyòl yo, defann enterè lang sa a e pwopaje lang sa a nan mond lan.



           VIZYON


Se rasanble tout fanm ak gason, Ekriven Kreyòl yo  ki vle lite pou lang sila pou nou brize tout fwontyè ki ta vle pa ba li pase, tout prejije li ta vle sibi e konstwi valè lang sa a nan sosyete li tabli yo.



 

 

          PRENSIP


Filozofi nou baze sou kèk prensip ak valè enpòtan, tankou respè, fyète, moral, diyite, sivis ak etik.