KI KOTE LANG KREYÒL AYISYEN AN SOTI?

           

Lang kreyòl ayisyen se youn lan lang kreyòl ki baze sou

lang franse paske genyen yon mas mo ladann ki

soti lan lang franse.

Men, sentaks, semantik, ak mòfoloji kreyòl ayisyen diferan anpil de

franse.

 

Kreyòl ayisyen (KA) se lang kreyòl ki gen plis moun ki pale li sou

latè. Se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e ki

elve ann Ayiti kote yo rele li Kreyòl.

Lan dyaspora a, genyen plis pase yon milyon Ayisyen

ki pale kreyòl.

 


Genyen moun sa yo ki ap viv lan Amerik dinò (Etazini                                                          

ak Kanada), lan Amerik disid (Venezwela ak Giyàn franse),

 

lan Karayib la (Repiblik Dominikàn, Matinik, Gwadloup, Bahamas),

 

ann Ewòp (Frans), ak lan kèk peyi Afrik.  

Lan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou Nouyòk, Miyami,

Monreyal, osnon Repiblik Dominikàn, kreyòl ayisyen devlope anpil

 

lan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak

varyete yo pale ann Ayiti.

Pami tout kreyòl ki baze sou franse yo, se sou kreyòl ayisyen                                                         

yo fè plis rechèch lan inivèsite.

Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki pale lang franse,

franse vin tounen ansanm ak kreyòl lang ofisyèl

Ayiti depi lane 1987.

 

Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi 1980 e gen anpil

ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou

diferan aspè esperyans ayisyen.